Se pozisyon Rezo Fwontalyè Jano Siksè (RFJS), ki parèt nan yon nòt pou laprès Rezo a pibliye,10 desanm, nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Moun.
RFJS fè konnen, depi lè Re-zo a te kreye nan lane 2001, li te bay tèt li kòm misyon, fè vijilans san rete sou ka vyolasyon dwa moun, sou fwontyè a.
Nan moman òganizasyon Nasyonzini ap selebre 59èm anivèsè Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, sa k ap pase sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn depaman ak tout angajman toulède peyi yo te pran, anfavè dwa moun, lè yo te adopte Deklarasyon an.
Komite dwa moun Rezo a, atire atansyon otorite yo, medya yo, popilasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn anjeneral, sou dives vyolasyon k ap repete toutan sou fwontyè a. Men sa komite dwa moun nan Rezo Fwontalye Jano Siksè di yo konstate :
«Nan pi fò ka rapatriman yo, otorite yo pa pèmèt moun yo pran zafè pèsonèl yo; yo separe fanmi; moun yo pa gen posibilite pre-zante papye ki bay prèv y ap viv legal an Repiblik Dominikèn. Komite dwa moun rezo a, an divès okazyon, akeyi Dominiken-Dominikèn, pitit Ayisyen, ki gen papye, men otorite yo pimpe nan peyi d Ayiti.
Yon lòt bò, gen move tretman ak dappiyanp k ap fèt san rete sou komèsan ak achtè nan jou mache yo ak nan mouvman komès ant 2 peyi yo.
Pandan jou vijilans yo, noumenm monitè ak monitris rezo a, nou obsève ki jan militè dominiken ak anplwaye sivil ap touche taks ilegal, nan men komèsan ayisyen, pou pèmèt yo vann machandiz yo; gen de lè, yo konn sezi tout oswa yon bon pati nan machandiz komèsan-komèsant sa yo, san yo pa bay okenn esplikasyon; militè ak sivil sa yo, konn joure Ayisyen-Ayisyèn yo, e menm frape yo, lè yo pa vle bay kòb yo mande a.
Pandanstan, pa gen okenn otorite peyi d Ayiti ki reponn prezan, nan moman sa yo. Anplis tou, trafik ak trèt moun sou fwontyè a, reyalize ak konplisite otorite yo. Noumenm, komite dwa moun RFJS, nou konstate nan lane 2007 la, toujou gen moun k ap janbe fwontyè a san papye kote boukonn ayisyen ak dominiken ap pwofite mizè yon bann moun nan popilasyon an, epi fè yo pwomès ki pa chita sou anyen. Vwayaj anbachal sa yo, konn fini nan doulè, abi, vyòl, ak lanmò.
Kòm òganizasyon sosyete sivil la, k ap lite pou respè dwa moun, san paspouki, nou egzije pou otorite 2 peyi yo, panche san pèdi tan sou move sitiyasyon sa yo epi mete kanpe politik klè pou sa pa repete ankò sou fwontyè a. Nou rete kwè li ijan pou 2 Leta yo respekte epi aplike angajman entènasyonal yo pran, nan sa ki regade dwa moun, pou garanti popila-syon an viv nan diyite ».