PETISYON pou mande Leta Ayisyen pran bon jan mezi pou bay tout timoun peyi a batistè menm jan, san diskriminasyon
mardi 9 juin 2009


  Lè n konsidere nan peyi Dayiti plis pase 30 pousan timoun ki fèt pa janm anrejistre pyès kote ;

  Lè n konsidere yon batistè se premye papye yon moun bezwen pou di nan ki peyi li soti, kilès li ye, kilès ki papa l, kilès ki manman l e nan ki dat li fèt ;

  Lè n konsidere anpil timoun nan peyi a pa ka ale lekòl paske yo pa gen batistè ;

  Lè n konsidere Kòd Sivil la pouse Ofisye Eta sivil yo mete pawòl prejije sou timoun yo lè y ap ekri batistè yo ;

  Lè n konsidere anndan peyi Dayiti gen plizyè fòm batistè : deklarasyon papa, deklarasyon manman ; deklarasyon Tyè

  Lè n konsidere kijan sistèm Eta sivil peyi Dayiti kreye plizyè kategori timoun : timoun lejitim, timoun natirèl, timoun adiltè, timoun ensestye ;

  Lè n konsidere anpil timoun ap sibi gwo imilyasyon nan sosyete a epi yo tout pa benefisye menm privilèj akòz diferans ki genyen nan batistè yo ;

  Lè n konsidere jan sistèm Eta sivil la ap fonksyone, li mete yon bann timoun sou kote ;

  Lè n konsidere Leta Ayisyen siyen epi ratifye plizyè konvansyon entènasyonal ki fè l obligasyon pou anrejistre tout timoun depi li fenk fèt nan respè dwa moun

Nou menm sitwayen, sitwayèn ki siyen anba petisyon sa a, nou mande prese prese,

Pou Egzekitif la :

1. Pran dispozisyon pou anrejistre kòrèkteman epi menm jan tout timoun ki fenk fèt nan peyi a nan yon delè ki pa depase yon lane, kèlkilanswa kote timoun sa yo fèt epi kijan yo fèt ;

2. Pran dispozisyon pou anrejistre tout timoun ki nan lari, timoun ki rete ak moun oswa tiomun k ap viv nan sant dakèy yo e ki pa gen okenn enfòmasyon sou paran yo, dat yo fèt, san okenn tras diskriminasyon, avèk non papa ak manman yo ;

3. Mete biwo Eta sivil nan seksyon kominal ki lwen ak vil yo, yon fason pou tout timoun ki fèt ka anrejistre kòmsadwa ;

4. Pran mezi espesyal, kredib, senp k ap pemèt yo anrejistre tout timoun ki nan laj minè sòti 25 mwa pou rive 18 lane ;

5. Pran dispozisyon pou bay tout ofisye Eta sivil peyi a bon jan fòmasyon, yon fason pou tout moun ka jwenn menm sèvis kèlkilanswa kote li ye ;

6. Pran dispozisyon pou gen yon sèl fòm batistè k ap sèvi nan tout biwo Eta sivil peyi Dayiti ;

7. Nan moman sezon siklòn la kòmanse, pran dispozisyon pou byen konsève rejis Eta sivil yo, yon fason pou rejis yo pa pèdi nan inondasyon epi pou sitwayen/sitwayèn yo pa lage nan tèt chaje lè y ap bezwen papye yo ;

Pou Palman an :

8. Vote lwa pou pèmèt Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) bay tout popilasyon an bon jan sèvis Eta sivil epi bay tout timoun batistè ak yon nimewo k ap idantifye yo depi yo fenk fèt ;

9. Pase men nan Kòd sivil la, yon fason pou retire ladan l tout atik ki gen pawòl k ap diskriminen moun.

 


Version à imprimer
Pour recevoir dans votre boite aux lettres les communiqués et autres annonces du GARR, inscrivez-vous sur notre liste de diffusion en cliquant ici

Contact et réactions:
E-mail : info@garr-haiti.org

Tous droits reservés © GARR 2002
URL:http://www.garr-haiti.org