[comgarr] 2006, 25 Ayisyen mouri nan trafik, Leta dwe Konbat sa

garr-haiti info at garr-haiti.org
Ven 12 Jan 14:39:36 EST 2007


Groupe d'Appui aux Rapatriés et Réfugiés                                                                       
                                                GARR 
1ère Rue Rivière, n° 13

Port-au-Prince, Haïti

Téléphone (509)244-4977/ 244-4965/                      e-mail:  garr-haiti at yahoo.com , site:  www.garr-haiti.org                                



 

Nan memwa 25 ayisyen ki te mouri toufe nan yon kontenè an 2006

Leta ayisyen dwe konbat trafik moun sou fwontyè a

                                                 Not pou laprès,  12 janvye 2007

 

11 janvye 2007 fè yon lane depi yon gwoup 25 Ayisyen ladan yo, yon fanm, te mouri toufe abò  konntenè yon chofè dominiken t ap kondui pou mennen moun sa yo ankachèt, nan zòn Nò Repiblik Dominikèn.

 

Yon lane apre, GARR lanse yon rèl pou mande Leta ayisyen pran mezi ki nesesè pou montre li gen volonte pou frennen zafè komès moun k ap fèt sou tèritwa li, anmenm tan pou kontwole fwontyè a, kote trafik moun nan pa janm kanpe. 

 

Nan lokazyon premye anivèsè dram sa a, GARR ap lanse yon rèl tou bay Palman ayisyen an pou l  vote yon lwa kont trafik ak trèt moun epi pou ratifye Konvansyon ak Pwotokòl Adisyonèl kont fenomèn sa a.  Lè li va aji konsa, Palman an va  bay lajistis peyi a zouti pou lite kont flewo sa a, e li va voye yon siyal klè bay lopinyon piblik nasyonal ak entènasyonal pou montre Leta ayisyen pa vle tolere zafè trafik moun nan ankò sou tèritwa li. 

 

Enfòmasyon GARR jwenn fè konnen, depi lane 2007 la koumanse,  gen boukonn k ap mennen yon pakèt moun sou fwontyè a pou ede yo janbe san papye an Repiblik Dominikèn, apre yo fin kase ponyèt yo pran lajan nan men yo.  Nan zòn Laskawobas(Ba Plato Santral), se 2 mil goud boukonn yo fè chak grenn moun peye pou ede yo janbe, avèk fo pwomès yo pral jwenn lòt bò a bon travay pou gwo lajan. 11 janvye 2007,  Komite Dwa Moun nan Tèfwad, toupre Fonvèrèt, akeyi 6 ayisyen  boukonn te lage anba raje, apre yo te fin pran lajan nan men yo pou fè yo janbe fwontyè a.  Moun sa yo te soti byen lwen nan Sidès la e yo pa t gen mwayen ankò nan men yo pou retounen lakay yo. Nan zòn Batis, trafikan yo fè vwayajè yo pase nan raje,  kote moun pa abite, sa ki mete pafwa lavi yo an danje.  

 

N ap fè sonje, se chak ane, yon bann Ayisyen-Ayisyèn ap plede viktim nan kalite mòd vwayaj sa yo.  Nan lane 2000, se te Gwayubin kote 7 ayisyen te mouri lè militè dominiken te tire sou yon kamyon ki t ap transpòte yon gwoup ayisyen boukonn t ap mennen.  An 2006, se te 25 lòt ki te mouri toufe anndan yon konntenè nan menm kondisyon yo.  

 

NAN MEMWA TOUT VIKTIM SA YO, FOK LETA AYISYEN PRAN RESKONSABLITE L!

( Fen tèks GARR-12 janvye 2007

 

 

Lisane André,

Reskonsab Seksyon Kominikasyon ak Pledwaye
-------------- section suivante --------------
Une pièce jointe HTML a été nettoyée...
URL: /pipermail/comgarr_garr-haiti.org/attachments/20070112/b0a1cca2/attachment.html 
-------------- section suivante --------------
Une pièce jointe non texte a été nettoyée...
Nom: non disponible
Type: image/gif
Taille: 223 octets
Desc: non disponible
Url: /pipermail/comgarr_garr-haiti.org/attachments/20070112/b0a1cca2/attachment.gif 


Plus d'informations sur la liste de diffusion comgarr