[comgarr] Branch Rezo Jano Siksè a an Ayiti gen yon Kòwodinasyon Nasyonal

info at garr-haiti.org info at garr-haiti.org
Mar 31 Oct 09:11:22 EST 2006


Branch Rezo Jano Siksè a an Ayiti gen yon Kòwodinasyon Nasyonal

Pòtoprens, 30 oktòb 2006.  Plis pase 30 delege ki soti nan 17 komite ki
manm Rezo Binasyonal Jano Siksè pou Pwomosyon ak Defans Dwa Moun (RBJS)
sou fwontyè a, mete kanpe, 20 septanm 2006 nan Potoprens, premye
Kowòdinasyon Nasyonal li.  Enstans sa a nan rezo a  gen reskonsablite jere
aktivite RBJS an Ayiti.

Kowòdinasyon Nasyonal sa a gen ladan li, sèt (7) moun: 3 fi ak 4 gason. 
Moun sa yo soti nan divès zòn kote komite yo tabli.  Men non yo:
Geoges Joseph, Sidès,  eli Kòdonatè,
Vilnor Dormevil, Ba Plato Santral monte kom Sekretè,
Carmel Merisca,  Lwès eli kom Trezoryè,
Chostène Petion, Nodès, eli kom Pòtpawol Rezo a,
Rosette Santana, Sidès, monte kom Pòtpawòl,
Alexis Alphonse, Nodès, eli Delege,
Sanièce Petit Phat, Ba Plato, eli kòm Delege.

Kòwodinasyon Nasyonal sa a genyen yon manda pou 2 lane. Li gen
responsabilite pou l veye sou ki direksyon Branch Rezo a bò Ayiti ap pran,
 planifye aktivite ak reprezante Rezo a, chache mwayen pou li fonksyone. 
Pandan manda sa a, Kowodinasyon an dwe travay pou Rezo kontinye estriktire
tèt li nan tout liy fwontyè a.

Nan diskou nouvo dirijan yo te fè pou sikonstans la, yo pwomèt yo pral
travay pou ranfòse Rezo a ak rann li pi vizib nan je popilasyon 2 peyi yo.
Kowodinasyon Nasyonal la monte nan kad jefò Rezo a ap fè pou estriktire
tèt li pi byen chak jou. Menm demach la gen pou l fèt tou an Repiblik
Dominiken pou Branch Rezo a lakay vwazen ka rive nonmen yon Kowodinasyon
Nasyonal tou.

N ap fè sonje Rezo Binasyonal Jano Siksè (RBJS) kreye 2 jiyè 2001 pandan
yon rankont ant reprezantan òganizasyon debaz ki te sòti nan Wanament,
Dajabon, Fonparizyen, Tyòt, Ansapit, Barahona, Santo Domingo ak Pòtoprens
ki t ap brase lide sou kesyon migrasyon ak Dwa Moun sou fwontyè Ayiti ak
Repiblik Dominikèn. RBJS te kreye nan lide pou fè yon travay Pwomosyon ak
Defans Dwa Moun sou tout liy fwontyè a. L ap lite pou gen plis jistis ak
respè nan relasyon 2 peyi ki pataje zile Kiskeya a. Yo te bay Rezo a non
«Rezo Binasyonal Jano Siksè Pou pwomosyon ak Defans Dwa Moun » pou fè
sonje yon migran Ayisyen ki te mouri 13 out 2000 apre solda lame dominiken
te fin matirize l. Rezo a gen pou kounye a 32  komite sou tout liy fwontyè
a :  (Nò, Sid, Sant. Lwes), nan tou 2 peyi yo.  Chak komite gen omwen 9
monitè.  Sa ki fè anviwon 180 monitè ak monitris Ayisyen ak Dominiken.(Fin
de texte, GARR 30/1006).




Plus d'informations sur la liste de diffusion comgarr