[comgarr] Enkyetid Sant Pon Ayiti sou relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn jounen jodi a

info at garr-haiti.org info at garr-haiti.org
Mar 24 Oct 12:30:25 EDT 2006


Enkyetid Sant Pon Ayiti sou relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn
jounen jodi a

Pòtoprens, 24 oktòb 2005.  Nan yon konferans deba li te  fè nan dat 14
oktòb 2005, Sant Pon Ayiti, yon enstisyon k ap travay pou amelyore
relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn depi 10 lane, te esprime enkyetid
li sou tansyon k ap devlope nan relasyon 2 peyi yo.
Pè Yves Edmond, kòdonatè Sant Pon Ayiti, te fè yon ranmase sou vag vyolans
k ap fèt sou Ayisyen nan plizyè kwen nan Repiblik Dominikèn depi jen jiska
septanm 2005.  Li te siyale ka plizyè mò ak blese Ayisyen yo idantifye
pandan peryòd sa a.  Li te pale tou sou repons 2 leta yo bay fasa chèn
vyolans sa a.

Sant Pon Ayiti ki prevwa òganize 2zyèm Fwa binasyonal la soti 25 mas pou
rive 9 avril 2006 nan fwontyè Wanament ak Dajabon di li santi «gen anpil
enkyetid  ak anpil  tansyon nan plizyè kominote kote Ayisyen ak Dominiken
ap viv ansanm.»

Nan sans sa a Sant Pon Ayiti mande:
-   Pou òganizasyon Dwa Moun yo kanpe pou defann migran yo epi ede yo
jwenn jistis
-   Pou pèp dominiken an pote solidarite l bay Ayisyen yo paske 2 pèp yo
fèt pou viv ansanm ;
-    Pou Anbasad Dominkèn nan Peyi Dayiti ede nan fè respekte dwa ayisyen
yo nan Repiblik Dominikèn paske dominiken k ap viv an Ayiti nou akeyi yo
tankou frè ak sè nou ;
-     Pou nasyon an prepare l pou l ka akeyi ak diyite tout moun gouvènman
dominiken an ta pimpe tounen pa bò isit ;
-     Pou Gouvènman Ayisyen an defann dwa ayisyen pandan l ap mande jistis
ak reparasyon pou tout sila yo ki viktim nan Repiblik Dominikèn ;
-     Pou Legliz ann Ayiti ak nan Repiblik Dominikèn  akonpaye migran
ayisyen yo nan moman difisil sa a l ap viv nan Repiblik Dominkèn ;
-     Pou laprès kontinye enfòme pèp ayisyen ak lemond antye sou fason
gouvènman dominiken an ap esplwate travayè ayisyen yo malgre yo pote
ekonomi dominikèn nan sou do yo.(Fin tèks, GARR 24-10-05)




Plus d'informations sur la liste de diffusion comgarr