[comgarr] Gwoup Travay Pou Refòm nan Sistèm Eta Sivil la an Ayiti, fikse pozisy on l sou dosye Kat Idantifikasyon Nasyonal la (KIN)

info at garr-haiti.org info at garr-haiti.org
Mar 24 Oct 12:05:56 EDT 2006


Gwoup Travay Pou Refòm nan Sistèm Eta Sivil la an Ayiti, fikse pozisyon l
sou dosye Kat Idantifikasyon Nasyonal la (KIN)

Pòtoprens, 13 septanm 2005- « Pèsonn moun pa dwe rete sou kote nan zafè
Kat Idantifikasyon Nasyonal la ». Se sa reprezantan Gwoup Travay Pou Refòm
nan Sistèm Eta Sivil la an Ayiti, ki gen ladan divès enstitisyon ak
òganizasyon tankou RNDDH, POHDH, JILAP, HSI, GARR, FLM, deklare nan kad
yon konferans pou laprès li bay nan Pòtoprens, 8 septanm 2005.  Li te
remèt yon dokiman bay laprès, nan sikonstans la.

Entwodiksyon

Gwoup Travay pou Refòm nan sistèm Eta Sivil la nan peyi Dayiti, se yon
regwoupman 6 enstitisyon, k ap reflechi epi mennen aksyon depi 4 lane, pou
wè si Leta ayisyen ta rive reyalize youn nan premye devwa li genyen ki se
IDANTIFYE SITWAYEN AK SITWAYEN LI YO.

Lè nou konsidere tout difikilte ayisyen ak ayisyèn yo ap viv, nan peyi a
kou aletranje, akòz pwoblèm batistè ak kat didantite yo pa genyen, Gwoup
la te lanse nan lane 2004, ane bisantnè lendepandans peyi a, yon kanpay
pou mande Leta ayisyen bay chak pitit peyi a YON BATISTÈ AK YON KAT
DIDANTITE. N’ap fè remake depi omwen 19 lane (1986), anpil òganizasyon nan
peyi a, espesyalman òganizasyon peyizan yo, pa janm sispann reklame nan
men Leta,  Batistè ak Kat didantite.

Lè gwoup la te wè Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP),  ansanm ak gouvènman
an te deside fè kat elektoral la tounen yon kat IDANTIFIKASYON NASYONAL,
nou te bat bravo, paske nou kwè se devwa Leta pou l bay tout sitwayen yon
papye ki ka pèmèt li idantifye l. Nou te konprann pou premye fwa, ak
bourad lajan li t ap jwenn nan okazyon eleksyon yo, Leta ayisyen t ap pran
tout dispozisyon pou l  koumanse ranpli youn nan premye devwa li genyen,
ki se idantifye sitwayen ak sitwayèn li yo.

Men lè nou gade jan pwosesis anrejistreman an òganize, nou wè pa t gen
okenn estrateji ki te mete anplas, ni pa gen okenn disposizyon serye ki te
pran, pou zòn riral yo, zòn yo abitye rele « ANDEYÒ » yo, kote pi fò moun
san dokiman yo ap viv, rive fè KAT IDANTIFIKASYON NASYONAL LA.  Pou
noumenm, se yon diskriminasyon grav, k ap ranfòse sistèm esklizyon ki deja
genyen nan peyi a, e ki anpeche peyi a avanse, paske nan tout sa k ap fèt,
majorite popilasyon an toujou rete sou kote.
A pati enfòmasyon nou ranmase sou pwosesis anrejistreman an, Gwoup Travay
sou Eta Sivil la fè yon analiz ak kèk rekòmandasyon li vle pataje ak
piblik la.

Rapèl kèk enfòmasyon sou karakterik peyi a
Ayiti se yon peyi mòn.  Pa gen anpil wout.  Leplisouvan, se apye pou yon
moun soti yon kote pou l al yon lòt kote ki byen lwen.  Se kèk grenn vil
nan peyi a ki gen kouran.  Anviwon mwatye nan popilasyon an pa konn li ak
ekri, li pa gen batistè, ni okenn lòt papye pou idantifye l.  Menm si
alèkile anpil moun vin tabli lavil, majorite popilasyon an toujou ap viv
nan zòn riral yo.  Pa egzanp, dapre yon dokiman IHSI (Institut Haïtien de
Statistique et d’Informatique) te pibliye nan lane 1999, sou anviwon 4,
197, 642 (kat milyon sankatrevendisèt mil sisan karannde) moun ki gen 18
tan e plis (donk laj pou vote), kantite ki ap viv nan seksyon kominal yo
reprezante plis pase lamwatye:  63%.

Malerezman, nan estrateji KEP la mete anplas pou prepare kat
idantifikasyon nasyonal la, yo pa pran an konsiderasyon, reyalite zòn sa
yo, kote poutan pi fò popilasyon an ap viv, epi pi fò moun ki pa gen
dokiman idantite yo konsantre.  Nan menm chema tradisyonèl la, yo koumanse
dabò satisfè zòn ki pi fasil yo, epi se annapre y ‘al gade pou zòn ki pi
rekile yo.

Divès diskriminasyon nan pwosesis anrejistreman an
Lè nou obsève jan pwosesis anrejistreman an òganize, lè nou analize yon
seri enfòmasyon nou ranmase sou kote biwo anrejistreman yo plase, sou
divès kategori biwo ki egziste, nou jwenn tout mak fabrik Leta esklizyon
an, Leta diskriminasyon an. Sa ki montre pa t gen yon bon refleksyon an
pwofondè ki te fèt sou pwoblèm peyi a, pwoblèm milye riral la, lè yo t ap
konsevwa sistèm y’ap mete anplas pou fè kat idantifikasyon nasyonal la.

a) Diskriminasyon nan kote ak moman yo plase biwo anrejistreman yo

Dapre yon dokiman Gwoup Eta Sivil la jwenn nan men KEP la, nan dat 2
septanm 2005, tout sant kominal yo gen yon biwo enskripsyon. Alòske, yo pa
menm rive enstale biwo nan mwatye nan 600 seksyon kominal ki genyen nan
peyi a.  Se zòn sa yo ki gen mwens biwo e se la biwo yo louvri pi ta. Chif
sou ki kote ak ki lè yo plase biwo anrejistreman yo,  pote mak menm vizyon
Leta a toujou genyen nan tout sa l ap fè :  li òganize pou kèk grenn moun,
e li kite pi fò lòt yo dèyè.  Lè yo deside pa enstale biwo enskripsyon nan
pi fò seksyon kominal yo, KEP la pran sou do l reskonsablite pou l ranfòse
sistèm eksklizyon ak inegalite ki toujou genyen nan peyi a.

b) Diskriminasyon nan Kategori biwo yo

Dapre dokiman KEP la, Gwoup Travay la analize, gen biwo Pèmanan, gen biwo
Tanporè, gen biwo Mobil.  Tout biwo pèmanan yo twouve yo nan vil yo,
alòske nan seksyon kominal yo, se biwo tanporè (pou yon ti bout tan)
sèlman yo mete.  Poukisa diferans sa a, lè nou konsidere gen anpil seksyon
kominal ki gen plis moun pase sant komin yo?  Eske se menm lojik moun
lavil/moun andeyò a ki parèt la a?

c) Kanpay sansibilizasyon an pa rive anpil kote

Nan peyi a, radyo ak televizyon pa rive tout kote.  Men kanpay
sansibilizasyon pou mande moun yo al fè Kat Idantifikasyon Nasyonal la
konsantre nan Pòtoprens ak nan kèk gran vil pwovens.  Yo pa sèvi ak tout
sistèm oswa rezo kominikasyon ki genyen nan milye riral la, tankou radyo
kominotè yo, mache piblik, legliz, gagè, eksetera, pou sansibilize moun yo
sou enpòtans Kat Idantifikasyon nasyonal la ak sou kote pou yo jwenn li.
Gwoup Eta Sivil la twouve li grav, li entolerab, li inaseptab fason
dirijan ayisyen yo konsevwa pwosesis anrejistreman sitwayen yo.  N ‘ap
raple, youn nan rezon ki fè depi nasyon an fonde nou toujou ap viv kriz
sou kriz, se paske nan chak aktivite, k ap fèt, ki konsène nasyon an,
toujou gen tandans, pou kite yon kategori moun sou kote, espesyalman
peyizan yo.  Jan bagay yo ap fèt la, si okenn koreksyon pa pote, olye nou
soti nan kriz, se antre n ‘ap antre pi fon.
Dwa ki vyole nan pwosesis anrejistran an

Lè nou analize divès eleman sa yo nan pwosesis anrejistreman an, nou
dekouvri Leta ayisyen, atravè KEP la, vyole dwa sitwayen yo, espesyalman
dwa peyizan yo ki pa jwenn posiblite pou fè kat idantifikasyon an.
a)     Dwa yon moun genyen pou non l anrejistre yon kote.

Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik yo, nan atik 24 mande pou tout
moun ki fèt sou latè gen yon Non ak yon Nasyonalite, epi pou sa anrejistre
yon kote.  Pou premye fwa nan peyi a, Kat Idantifikasyon Nasyonal la t’ap
pèmèt Leta ayisyen koumanse respekte dwa sa a pou tout moun ki majè,
annatandan li kontinye fè sa pou tout timoun ki fèk fèt, jan sa prevwa nan
dekrè 7 jiyè 2005 la. Lè nou konsidere kat idantifikasyon Nasyonal la, se
pa sèlman yon kat pou vote, men se tou yon kat pou idantifye tout sitwayen
ak sitwayèn nan peyi a;  Lè n’ konsidere nan dekrè sou kat idantifikasyon
nasyonal la, gen yon seri aktivite, pou yon sitwayen mennen kounyeya, fòk
dabò li gen kat sa a; Lè nou konsidere jan yon pyès didantite, se yon
dokiman sitwayen yo bezwen anpil pou yo fonksyone e ki konn koute yo chè
anpil :

Nou kwè se yon vyolasyon dwa moun, lè Leta, atravè KEP la, pa bay tout
sitwayen ak sitwayèn menm posiblite pou fè kat idantifikasyon Nasyonal la.
 Leta  kite pòt louvri pou se raketè, pi devan, ki kase ponyèt malere,
malerèz yo, pou yo rive fè yon kat idantifikasyon.

b)      Dwa yon moun genyen pou l patisipe nan zafè peyi l.
Dapre atik 21 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun “Tout moun gen dwa patisipe
nan direksyon zafè piblik peyi l. …. Li gen dwa patisipe nan eleksyon lib
pou chwazi moun ki pou dirije l’. Nan kad eleksyon ki pral fèt nan peyi a,
se ak Kat idantifikasyon  Nasyonal la, yon moun ap kapab egzèse dwa sa a. 
Menm dwa sa a, Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik yo reprann li nan
atik 25 alinea a, b ak c.

Lè yo pa pèmèt tout moun ki vle, rive gen Kat idantifikasyon Nasyonal yo,
ki se an menm tan Kat elektoral, yo retire nan men yo dwa pou yo patisipe
nan zafè peyi yo, tankou dwa pou yo chwazi moun ki pral dirije yo ak dwa
pou yo patisipe nan monte enstitisyon nan Kolektivite tèritoryal yo.

Rekòmandasyon

Pou pèmèt tout moun ki majè jwenn posibilite pou fè kat idantifikasyon
nasyonal la, epi patisipe nan zafè ki konsène peyi yo, tankou vote nan
pwochèn eleksyon yo, Gwoup Travay pou Refòm nan Sistèm Eta Sivil la, mande
pou:
-         Gouvènman ayisyen an, ansanm avèk KEP la, dekrete mwa sektanm
2005 la, kòm mwa MOBILIZASYON pou tout peyizàn ak peyizan ki nan seksyon
kominal ki pi lwen yo, ansanm ak moun ki nan katye popilè nan vil yo, 
rive fè Kat Idantifikasyon Nasyonal la.  Nan sans sa a, Gouvènman an dwe
mobilize resous nesesè ki gen nan peyi a, piblik kou prive, li dwe sèvi ak
mwayen kominikasyon ki adapte, pou pèmèt kategori moun sa yo, yon lòt fwa
ankò, pa rete andeyò.

-         Tout Enstitisyon, Legliz Katolik kou Pwotestan, Vodouyizan, ONG,
òganizasyon tout kalite nan sosyete a, Otorite lokal yo, lidè kominotè yo,
dwe mobilize epi pote kole pou fè Gouvènman an ak KEP la respekte dwa moun
yo genyen pou yo anrejistre ak patisipe.

Dekrè 7 jiyè 2005 la sou Kat Idantifikasyon Nasyonal la(KIN), prevwa Leta
pral kontinye bay kat la apre eleksyon yo.  Li prevwa tou yon bon
kolaborasyon ant enstitisyon k ap bay kat la ak Biwo Ofisye Deta Sivil yo.
Pou dekrè sa a rive aplike, fòk bon jan Refòm fèt tousuit nan Sistèm Eta
Sivil nan peyi a, epi fòk Leta mete mwayen pou sa.  Nan sans sa a, Gwoup
travay la mande pou:
-         Gouvènman an prevwa nan bidjè 2005-2006 la, mwayen finansye
nesesè pou gen plis biwo Eta Sivil nan peyi a, epi pou yo fonksyone
kòmsadwa.
-         Gouvènman an, atravè Ministè Lajistis, Ministè Afè Etranjè
ansanm ak Achiv Nasyonal, pran dispozisyon pou, a pati Kat idantifikasyon
Nasyonal la, tout ayisyen, ayisyèn majè ki poko gen batistè,  kapab rive
fè sa.

Jan nou koumanse fè sa depi 4 lane, Gwoup Travay pou Refòm nan Sistèm Eta
Sivil la ap kontinye batay pou tout ayisyen, ayisyèn, kèlkilanswa kote yo
ye a, gen yon Batistè ak yon Kat Idantite.

Oganizasyon ki fè deklarasyon sa a e ki fè pati de Gwoup Travay pou Refòm
Eta Sivil la se:
-         Réseau National de Défense des Droits Humains (RNDDH),
-         Plateforme des Organisations Haïtiennes de Défense des Droits
Humains (POHDH)
-         Jistis ak Lapè (JILAP),
-         Haïti Solidarité Internationale (HSI),
-         Groupe d’Appui aux Rapatriés et Réfugiés (GARR
-         Fédération Luthérienne Mondiale (FLM)




Plus d'informations sur la liste de diffusion comgarr